![]() |
|||||||||
|
|
|||||||||
Read in English...Dr.
Rudolph Moise
Se ak gran plezi ke m-ap akeyi-w nan paj denfòmasyon yo ke Asosyasyon Ayisyen k-ap Lite Kont Kansè ap prezante-w. Asosyasyon-an se yon òganizasyon ki dedye pou-l sove lavi kretyen vivan pandan ke l-ap bay anpil edikasyon sou fason pou pwoteje tèt ou kont maladi kansè. Li egziste depi plis pase mil jou, e se yon bòn okazyon pou nou pale-w sou bi nou nan kominote-a.
Se yon gran privilèj ke mwen jwenn lè m-ap kolabore ak gwoup moun nan asosyasyon-an k-ap travay avèk enèji e devouman pou pote anpil bon chanjman nan sosyete nou an. Moun sa yo, se yon gwoup pwofesyonèl ki konprann kilti ak tradisyon Ayisyèn an. Yo genyen yon konpetans eksepsyonèl, e yo deside pou yo kapab fè moun nan kominote-a, espesyalman sila yo ki pa kwè nan remèd doktè yo, konnen kijan li enpòtan pou yo lè yo dekouvri e trete maladi kansè bonè nan kò yo.
Misyon nou se pou-n asire-n ke pa gen yon grenn ayisyen ki mouri ak maladi kansè paske li pa te swiv trètman medikal ki te kapab sove lavi-l. Nou kontan anpil ke-w te deside pou vizite paj denfòmasyon ke n-ap ofri-w yo pou aprann anpil sou misyon nou nan kominote-a, e nou va apresye tout sipò ke ou kapab ba nou.
N-ap kontinye edike ak pote anpil konsèy prevansyon nan kominote aysyèn nan, e m-ap mande chak moun pou yo pote patisipasyon yo lè yo yo vin yon manm osinon yon volontè nan Asosyasyon Ayisyen K-ap Lite Kont Kansè. Epi tou, genyen anpil posibilite pou-w patwone yonn nan anpil evènman ak aktivite nou yo.
N-ap chèche travay ak ou pou nou reyalize ansanm gwo misyon nou nan kominote-a.