donate site map contact_us
home about us cancer detection events services profiles glossary

Mesaj a tout zanmi Ayisyen

Jacques CalixteRead in English...Mr. Jacques Albert Calixte

Premye fwa ke-m te aprann ki danje ki genyen nan maladi kansè, sete nan lane 1990. Lè sa-a, manman-m pèdi de bon zanmi li ,yon apre lòt, nan de mwa. Tou de zanmi sa yo te refize pran trètman ke doktè te rekòmande yo pou maladi kansè.

Katran (4 an) apre sa, doktè vin anonse manman-m, Denise Calixte, ke li te genyen kansè nan sen. Doktè te di-l pou-l fè operasyon, men-l te refize. Li te prefere al lapriyè legliz, e fè ti remèd ke lòt zanmi ayisyen-l yo te ba li. Lè manman-m te vin deside pou-l chanje lide-l paske remèd sa yo pa te fè anyen pou li, li te deja twò ta. Kansè te gentan anvayi tout kò –l, e li te mouri jou ki te 7 jwen 1995. Li te genyen 68 tan.

Mwen pa-p janm jwenn mo pou-m eksplike kijan-m santi-m lè-m pèdi manman-m nan kondisyon sa-a, men-m kapab pale sou maladi kansè. Konsa tou, m-ap travay di pou-m asire-m ke pèsonn pa fè move eksperyans ke-m te sibi lè-m te fè kalite gwo pèt san rezon sa-a.

Ou menm tou, ou kapab ede nan lit ke Asosyasyon Ayisyen K-ap Lite Kont Kansè ap mennen pou edike tout frè ak sè Ayisyen yo pou yo kapab konen kijan pou yo dekouvri maladi-a bonè nan kò yo, epi tou, jwenn trètman ke yo bezwen pou li. Konsa, nou envite-w pou vin yon manm, osinon yon volontè nan asosyasyon an. Lè sa-a, non sèlman w-ap sipòte edikasyon ke n-ap bay tout fi ak gason nan kominote-a, men tou w-a va ede tout sa yo ki pa kapab jwen swen medikal ke yo bezwen pou sante yo.

Ou kapab aprann plis sou gran efò ke Asosyasyon Ayisyen K-ap Lite Kont Kansè ap fè lè-w rele nimero 305 572-1825, e nou va eksplike-w kijan ou menm tou ou kapab fè yon chanjman nan kominote-a.