donate site map contact_us
home about us cancer detection events services profiles glossary

KIJAN FASON KE NOU MANJE KAPAB AFEKTE SANTE NOU

Read in English...Dapre rezilta lasyans, genyen yon tyè nan kantite moun ki mouri ak maladi kansè Ozetazini akoz de fason ke yo manje, e sa menm gen rapò avèk kantite grès nan kò yo. Yon lòt tyè nan kantite moun ki mouri ak maladi kansè se akoz de fimen yo fimen sigarèt. Konsa, tout lòt moun ki pa fimen genyen chans pou yo kontrole kansè nan kò yo, lè y-ap fè egzèsis e kontrole manje ke y-ap manje. Rezilta lasyans montre toujou, ke se sèlman yon ti kantite moun tou piti ki rive eritye maladi kansè ke paran yo te soufri. Fason ke yon moun aji, fimen e manje genyen anpil rapò ak fason ke kansè afekte e devlope nan kò moun sa-a. Lè ou pran bòn abitid pou manje bon kalite manje e fe egzèsis tout tan depi-w timoun jiskaske-w granmoun, sa kapab diminye risk pou maladi kansè vin chita nan kò-w.

Genyen anpil faktè nan manje ki kapab afekte chans pou yon moun soufri ak maladi kansè. Faktè sa yo, se kalite manje ke w-ap manje yo, fason yo prepare manje sa yo, pòsyon nan chak manje ke w-ap manje yo, varyete ki genyen nan manje ke w-ap manje yo, e rapò ki genyen ant manje ke w-ap manje yo ak tout mouvman ke w-ap fè ak kò-w. Genyen mwens chans pou genyen maladi kansè lè-w kontrole manje ke w-ap manje-a. Pa egzanp ou fèt pou manje plis manje ki sot nan plant tankou fwi legim ak grenn pwa, mwens kantite gwo vyann ak manje ki gen anpil lèt ak gwo grès, epi tou, ou fèt pou balanse manje ke w-ap manje ak kantite aktivite ke ou fè ak kò-w chak jou.

An 1999, genyen yon revizyon ki te fèt apati de rezilta ke lasyans te pote sou fason ke yon moun manje. Yo aji dapre prensip solid ke Depatman Lagrikilti (US Department of Agriculture / USDA)Ozetazini te rekòmande an 1992, nan seksyon ke yo rele Food Guide Pyramid. Seksyon sa-a bay mach a swiv pou Ameriken sou fason ke yo dwe manje. Seksyon sa-a tou pale de rejim ke lòt ajans ki gen rapò ak lasante, rekòmande pou ede kò nou mache byen e pou nou evite fè maladi kè, maladi dyabèt ak tout lòt kalite maladi ke yo wè ki genyen rapò ak fason ke yon moun manje. Byen ke rejim ke yon moun fè pap garanti ke li pap malad, li toujou pi bon ke yon moun swiv rekomandasyon ki ekri pi ba yo lè l-ap manje, pou-l diminye chans pou-l genyen maladi kansè nan kò li.

MANJE PLIS MANJE KI SOT NAN PLANT

Li rekòmande ke yon moun manje senk (5) ou sis (6) pòsyon fwi ak legim pa jou e chwazi chak lòt manje yo (pen, sereyal, pwa, diri, makaroni, spageti, eksetera), nan sous ki sot nan plant. Rechèch lasyans montre ke lè-w manje anpil fwi ak legim (espesyalman fèy vèt ak jòn fonse tankou chou, eksetera) sa pwoteje-w kont maladi kansè nan anpil pati nan kò-w tankou nan entesten ak nan aparèy respiratwa-w. Nan grenn pwa ak legim ke n-ap manje, nou jwenn anpil sous vitamin tankou kalsiòm, selenium ak folat. Vitamin sa yo kapab pwoteje nou kont kansè nan kolon ak lòt kalite kansè nan kò nou.

DIMINYE KANTITE GRÈS NAN MANJE YO, ÈSPESYALMAN GRÈS KI SÒT NAN ZANNIMO YO

Chwazi manje ki genyen mwens kantite grès; diminye kantite vyann ke w-ap manje, èspesyalman vyann yo ki genyen gwo grès. Lè w-ap manje manje ki gen gwo grès, sa ogmante chans pou genyen maladi kansè nan kolon, nan rektòm, nan postat e nan andometryiòm. Genyen mwens rapò ant manje sa yo ak kansè nan sen. Yo ponkò dekouvri ki faktè ki fè ke grès yo lakòz moun genyen plis chans genyen maladi kansè lè yo manje yo. Yo reyalize tou ke lè yon moun manje anpil vyan rouj (tankou vyann bèf), sa ogmante chans li pou li genyen sèten maladi kansè tankou kansè nan kolon ak kansè nan postat.

FÈ EGZÈSIS E KONTROLE KONBYEN-W PEZE

Le yon moun fè egzèsis, sa ede-l pwoteje kò li kont maladi kansè. Sa rive lè kantite chalè ki rantre nan kò li balanse ak enèji ke kò-a depanse. Lè de bagay sa yo pa balanse nan kò yon moun, moun sa-a vin pran anpil pwa e li kapab menm vin gra e genyen plis chans pou-l genyen kansè nan plizyè pati nan kò li tankou kansè nan kolon, nan rektòm, nan postat, tete (pou fi ki deja fè menopoz), e kansè nan ren. Yon moun kapab rete an sante e kontrole konbyen-l peze, lè-l fè anpil egzèsis, epi tou, lè-l kontrole manje ke l-ap manje.

SI-W BWÈ ALKÒL, DIMINYE KANTITE BWASON KE W-AP BWÈ

Lè yon moun toujou bwè bwason ki genyen anpil alkòl, epi-l fimen, epi-l pran tabak nan nen oubyen nan bouch, sa kapab lakòz li genyen kansè nan sèten pati nan bouch li ak nan gòj li. Tabak ak alkòl se de faktè ki bay plis chans pou yon moun genyen kansè nan bouch ak nan gòj li. Rezilta de bagay sa yo lè yo ansanm nan kò yon moun bay plis dega ke lè se yon sèl nan bagay sa yo ki nan kò moun sa-a. Lasyans dekouvri tou yon rapò ak lè yon moun bwè anpil alkòl avèk chans pou moun sa-a kapab genyen maladi kansè nan sen li. Yo ponkò dekouvri ki sa ki nan alkòl la ki fè sa, men kapab genyen sèten eleman nan alkòl la ki aji e chanje nivo nan kèk eleman ki nan kò yon moun. Eleman sa yo rele òmon. Genyen plizyè sòt de òmon nan kò yon moun, depann si moun sa-a se fi oubyen gason. Yon nan òmon sa yo ke alkòl aji sou li yo, rele estrogen (estwojèn). Menm si yo ponkò dekouvri egzakteman sa ki fè sa, yo reyalize ke yon moun genyen plis chans pou-l gen kansè nan sen li, le-l kòmanse ap bwe jis de twa ti bwason pa semen. Yon fi kapab diminye chans pou-l genyen kansè nan sen li lè li bwè mwens alkòl.